?? ?????? || ?????? ??????? || ?? ?e ????
Directors
Stars
1.- Komisyon dyalog , rekonsilyasyon ak konsyantizasyon pou sove latibonit denonse sou antenn Caraibes Fm gwo menas ki pandye sou tet pale 365 pot,yon patrimwan mondyal,ki twouve li nan komin ti riyve ,latibonit . Gang baz Gran grif menase kraze momiman isotorik sa sou preteks pou anpeche fos miltinasyonal la ta sevi ak li kom baz nan jou kap vini yo. Konstwi nan lane 1820 ,pale pale 365 pot pa dwe disparet,dapre pot pawol komisyon dialog la, Bertide Horace ki anonse yo tanmen chita pale ak gwoup neg ak zam yo ,yon fason pou sove moniman istorik sila,nan depatman latibonit la .
2.- Popilasyon an nan komin Mibalè ki te an kòlè touye 3 prezime bandi pami yo 2 jenn fanm apre lapoli te fin arete yo nan moman yo te sou wout pou travese ale repiblik dominiken. Nan kad yon kontwòl idantite Lapolis Mibalè te rive arete Djerby Alexis, 24 lane, ki fèt Senrafayèl, men kite abite nan “Cité Doudoune”, Komin Kwadèboukè. Endividi sa deklare li fè pati gang ki nan zòn nan epi avwe li enplike nan anpil zak kriminèl pami yo: Kamyonèt ki te gen plizyè moun ki t ap sòti legliz, yo te mete dife nan machin sa ak tout moun ki te ladan l. Djerby Alexis fè konnen tou li touye 5 moun ak men pa li epi te enplike nan atak kite fèt kont Sou Komisarya Bon Repos a koteplizye polisye te mouri asasinen .
3.- Konsenan 2 jenn fanm sa yo popilasyon an bay bwa kale a, se lapolis Mibalè kite arete yo : Youncé Monplaisir ak Roseline Labrice, 2 medam sa yo tap viv nan kay ansanm nan “Rue du Centre”potoprens, yo ta fè pati gang k ap fonksyone anba lavil la. Se Youncé Monplaisir ki nan tèt yon gwoup bandi ak zam ki abitye mache fè resèt nan mache Kwabosal ak mache tèt Bèf anba lavil la.
4.-Menm jan ak site soley ,komin kwadebouke pa gen prezans lapolis depi kek mwa – Kafou sesles,bandi ak zam boule sou komisarya Sesles,zon kafou sesles . Sou komisarya sa pat gen polisye depi atak kont sou komisarya bon repo a. Sa gen kek jou depi bandi 400 mawozo yo te kraze yon pati nan mi prizon sivil kwadebouke a ak biwo envestigasyon an nan rantre komisarya . Se menm sitiyasyon an pou prizon fanm ti tanyen an nan kabare .
5.-Bandi gang 400 mawozo atake Dalman yon lokalite nan komin Tomazo ki limitwòf ak Kòniyon Granbwa kote bandi yo Touye 4 Moun epi boule yon 20tèn kay. Bandi yo sezi divès Machin ki te pake nan lakou kay moun yo, Yo piye rapyetè Fondation Blan nan Dalman ki gen Ofelina Lekòl, Lopital epi pote ale tout sa yo jwenn. Pou aye madi a se gwo van panik nan komin Kòniyon kote tout aktivite yo te paralize, Tout lekòl te blije timoun yo rantre lakay yo , tout wout ki Mennen nan komin nan bloke pou evite Bandi yo travèse soti tomazo ki li menm depi 7 mwa pa gen okenn prezans lapolis .
6.- Se Lapolis nasyonal dayiti kap gen kontwol global operasyon yo sou teren ,nan kad fos misyon miltinasyonal la. Presizyon konsey prezidansyel tranzisyon an atrave yon not ki pibliye aye madi a ,swit ak yon seyans travay ak wo eta majo PNH la. Se gouveman Ariel Henry a kite fe demand deplwaman fos miltinasyonal la 7 oktob 2022, yon fason pou te vin ede PNH la batay kont gang ak zam yo
7.- Jounal New-York Times revele, ansyen Prezidan Michel Martelly ap fè presyon pou enfliyanse konpozisyon gouvènman enterimè a, epi mande amnisti pou gang ak zam yo. Nan yon atik ki soti, ayè madi 21 me a,medya ameriken an montre lyezon ki genyen ant Dimitri Herard ak gang 5 segonn, nan Village de Dieu, ki enplike nan trafik dwòg, pou ranfòse tèt yo chak jou pi plis. Nap gen plis detay ak Luckson SAINT-VIL, korespondan pèmanan nou Ozetazini,nan jounal la maten an.
8.-35 moun blese ,5 nan yo nan yon sitiyasyon grav . Plis pase yon Santen kay detwi ,sa se bilan pasyel yon tonad ki pase nan komin basen blese ,dapatman nodwes peyi a ,presizeman lokalite fon papay ak lasous ,aye madi a ,dapre pwoteksyon sivil .
9.-Komisyon kap travay sou dosye kandida pou premye minis gouvenman tranzisyon an kenbe pou kounya 69 sou 200 dosye pesonalite yo te resevwa soti 13 pou rive 17 me 2024. Analiz dosye yo ap rapouswiv ,yon fason pou rive chwazi 15 kandida kap gen pou redwi jiska 3 epi finalman deziye yon premye minis ,nan jou kap vini yo ,swivan krite konsey prezidansyel la etabli .
10.-Ministe edikasyon nasyonal anonse li sispann pou zak vyolans Pèmi plizyè responsab lekòl Georges Sylvain nan Sen-Mak pandan l ap pote kole ak otorite lajistis yo nan ka sa a. Konsa ministe a deside sispann Pèmi pou Dirije, Clément Geffrard Lanier, ki se direktè administratif ‘’Enstitisyon Georges Sylvain ‘’ ki nan Fresino, nan vil Sen-Mak, apre vyolans grav li fè sou yon elèv nan lekòl sa a. Ministè a ki sispann tou Pèmi pou Dirije Félix Estimé ki se prensipal direktè
Présentation : Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur
Météo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4×4
Productions : Jean-Claude DOLCÉ
Coordination : Peterson LUXAMA Rédaction : Dieuseul GUERRIER
Réalisation & mise en ligne : Ange Junior & Elyse Hansley
![[ID: _dVAnKXIBmM] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2025/03/id-dvankxibmm-youtube-automatic-60x60.jpg)
![[ID: HmMPmCU4X_0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-hmmpmcu4x0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: VS7qDvfr58I] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-vs7qdvfr58i-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: QLEuuDPJO0E] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-qleuudpjo0e-youtube-automatic-236x133.jpg)
![Privé : [ID: BE8kChk4jvo] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/prive-id-be8kchk4jvo-youtube-aut-236x133.jpg)
![[ID: _AXH-a-mXWc] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-axh-a-mxwc-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: goDBEc5hXO0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-godbec5hxo0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: rr_mtGGZAsU] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-rrmtggzasu-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: nXjLO0Ud6Dg] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-nxjlo0ud6dg-youtube-automatic-236x133.jpg)