En Direct | Premye Okazyon | 10 Mars 2022
Directors
Stars
Premye Okazyon | 10 Mars 2022
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Les titres
1.- Yon gwo aksidan sikilasyon sou wout kanape a lakoz 3 moun mouri ak plizye lot blese grav,jounen mekredi a.
Aksidan sa rive akoz yon gwo kamyon meri potoprens ki ta pedi fren epi al frappe yon tibus kite ranpli ak pasaje.
2.- Rezo nasyonal kap defann dwa moun yo resanse anviwon 50 ka asasina ak bal epi zam blanch pou selman mwa janvye 2022 a. 14% nan viktim se fanm ,dapre revelasyon responsab pwogram nan nivo RNDDH la. Dapre Marie Rosie Auguste Ducena ,ayiti tounen yon espas kip a vle we fanm depi lane 2018.
Masak,asasina,vyol ,fanm ayisyen yo pa sispann viktim tout kalte zak vyolans ak fizik ,dapre militant oganizasyon dwa moun nan ki evoke dives ka anlevman an seri ak sekestrasyon kote fanm yo souvan vyole.
3.- Sikolog Johanne REFUSE prevwa sitiyasyon peyi a ap konnen jounen jodi a sou plan sekirite ap gen gwo konsekans sou sante mantal popilasyon an . Stres ,tromatis, depresyon ak swisid pep ayisyen an dwe atann li ak tou sa ,dapre medsen-skolog la.
Johanne REFUSÉ plede an fave yon prizanchaj rapid sante mantal sitwayen yo bokote leta ayisyen an.
Li ankouraje viktim tout kalte fom vyolans yo pou we espesyalis nan domen nan pou evite sitiyasyon yo vin konplike.
4.- Anviwon yon dizen moun mouri nan maryani pami yon polisye vandredi pase a nan moman atak ak gwoup neg ak zam vilaj De Dieu ak gran ravin ki tap tante pran kontwol zon bo dlo mariani ant komin kafou ak gresye.
Dapre ajan egzekitif enterime komin gresye a ,Jean Vladimir Bertrand genyen 6 moun nan mitan popilasyon an ki mouri ak yon polisye.
6 jou apre atak sa , klima laperez la paret vizib lakay abitan yo ki anpil ladan yo déjà kouri kite kay yo sitou anle tet mon nan ki sanble ak yon deze.
5.- Vizit sekrete adjwen pou zafe operasyon konfli ak estabilizasyon yo,Anne Witkowsky nan peyi dayiti 7 pou te rive 9 mas la pap ede rezoud kriz kap kwase bil peyi a ,se antouka pozisyon NOU KONSYAN.
Eskrikti petrochalenger sa kontinye kwe se ayisyen ki pou mete tet yo Ansanm pou rezoud kriz politik la.
Demach sa pap abouti ak anyen ,se pito enjerans etazini nan zafe enten peyi a ,dapre Ebens CADET ,pot pawol Nou Konsyan
6.- Premye minis Ariel Henry pa reponn envitasyon sena repiblik la ,jounen mekredi a ,pou te vin diskite sou plizye sije tankou fomasyon konsey elektoral pwovizwa ak asanble konstitiyant la.
Dapre prezidan ti res sena ,joseph lambert ,Ariel Henry pa ekri okenn korespondans pou ta eksplike rezon ki lakoz li pa reponn envitasyon senate yo.
Toutfwa Joseph lambert di li aprann premye minis ta vwaye pou ale nan peyi chili nan seremoni enstalasyon nouvo prezidan peyi sa.
7.- Efektivman Premye minis Ariel HENRY akonpaye minis afe etranje a,Jean Victor Geneus ,kite peyi a ,jounen mekredi a ,pou al patisipe nan seremoni envestiti prezidan eli peyi chili a ,Gabriel Boric,vandredi 11 mas kap vini la.
Apre seremoni an ,Ariel Henry dwe rankontre prezidan ajantin nan ,Alberto Angel Fernandez epi prezidan dominiken an ,Luis Abinader.
Se minis finans la,Michel Patrick Boisvert kap jwe wol premye minis la an atandan Ariel henry retounen peyi a diamcnh 13 mas pwochen.
8.- Sou inisyativ kolektif media an liy yo (CEMEL ) yon mach pasifik oganize nan kapital la jounen mekredi 9 mas la, nan lide pou reklame jistis pou fanmi jounalis Maxiben Lazare ki te tonbe anba bal lapolis Pandan dènye manifestasyon ouvriye izin textil yo ki t’ap egzige 1500 goud kòm salè minimòm.
Pwotestatè yo denonse ministè jistis ak sekirite piblik ki daprè yo refize fasilite otopsi kadav jounalis la.
9.- 60 minit pral avanse sou le nasyonal la apati dimanch 13 mas 2022 a,dapre yon not primati a.
Sekrete jeneral primati a raple ak ajan fonksyon piblik yo ak sekte prive a le nasyonal la ap avanse 60 minit ,apati 2ze nan maten, dimanch 13 mas 2022 a,swivan arete prezidansyel 7 mas 2012 la.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation et mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.
![[ID: jwVvnOAmQV8] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-jwvvnoamqv8-youtube-automatic-60x60.jpg)
![[ID: kYV2LujkleM] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-kyv2lujklem-youtube-automatic-60x60.jpg)
![[ID: HmMPmCU4X_0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-hmmpmcu4x0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: VS7qDvfr58I] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-vs7qdvfr58i-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: QLEuuDPJO0E] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-qleuudpjo0e-youtube-automatic-236x133.jpg)
![Privé : [ID: BE8kChk4jvo] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/prive-id-be8kchk4jvo-youtube-aut-236x133.jpg)
![[ID: _AXH-a-mXWc] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-axh-a-mxwc-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: goDBEc5hXO0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-godbec5hxo0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: rr_mtGGZAsU] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-rrmtggzasu-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: nXjLO0Ud6Dg] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-nxjlo0ud6dg-youtube-automatic-236x133.jpg)