En Direct | Premye Okazyon | 27 Octobre 2022
Directors
Stars
Premye Okazyon | 27 Octobre 2022
Présentation : Dieuseul GUERRIER, Pierre Renel RENÉ (PRR), Lydie ALEXANDRE & Johnny FERDINAND.
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Les titres
1.- Etazini Gen Konfyans yon Rezolisyon oganizasyon nasyon zini yo ki Otorize yon Fòs Militinasyonal pou Ayiti ap Pare nan Kòmansman Mwad Novanm 2022 a.
Washington kwe yap jwenn peyi ki dakò pou dirije yon fòs sa ,dapre Sekretè dEta adjwen Ameriken Brian Nichols.
Pandan yon pale ak jounalis yo sou vizit Sekretè d Eta Antony Blinken pral fè nan peyi Kanada Jedi, Nichols, ki se responsab pi wo plase pou zafè Emisfè Oksidantal yo, di jounalis yo ,etazini pral diskite sou konpozisyon yon fòs miltinasyonal ki se yon bagay Ayiti te pwopoze, pandan vizit sila kap fet pandan 2 jou,jedi ak vandredi .
2.-Desizyon gouvenman ayisyen an pou Kanpe sou sibvansyon gaz la se yon aksyon etazini te swete depi kek tan ,dapre Brian Nichols ,nan yon entevyou li bay yon media ameriken. Dapre li ,mezi sa vle di gouvenman ayisyen an pou kounya ap gen mwayen lajan nan men li pou konsakre ak edikasyon ,swen santé ak mete enfrastrikti nan peyi a. Ofisyel ameriken an di li respekte desizyon premye minis Ariel Henry pran konsenan dosye gaz la.
3.- Sitiyasyon malouk Ayiti ap fè fas depi yon bon bout tan pouse yon ansanm gwoupman politik reyini epi lanse yon apèl tèt ansanm bay tout sektè nan lavi nasyonal la, politik kou sosyete sivil, nan lide pou wete peyi a tout bon vre nan kriz tout kalte li yo.
Antant sa ki siyen nan dat 25 oktòb 2022 pote non « Deklarasyon Tèt ansanm Reprezantan Akò ak Antite Politik ».
Nan kad akò sa, ansyen senatè Lwès la Jean Renel Sénatus mete aksan sou yon konpwomi esansyèl epi istorik ki kapab garanti avni dirab Ayiti.
4.- Kolektif défenseur plus di li prewokipe anpil akoz plizye milye fanmi oblije kouri kite lakay yo pou chape anba zakk bandi ak zam yo nan dives katye nan rejyon metwopoliten potoprens la.
Anthonal Mortime di se pa posib pou sitwayen yo refijye nan pwop peyi yo. Apre plas Hugo Thavez ,deplase yo okipe plizye lot espas anko tankou nan zon clercine ak kafou ayopo.
5.- Efektivman genyen Anviwon 3 mil moun refijye yo sou plas Hugo Tchavez la ki trouvel tou prè ayopò entenasyonal Toussaint Louverture a, anpil nan yo soti nan komin site soley , yap kouri pou koz ensekirite.
Prezans konpatriyòt sa yo nan espas la pa bon pou imaj peyi a, anpil vwa pa sispann leve pou denonse sitiyasyon a.
6.- Kontakte sou dosye sila a, direktè jeneral ofis nasyonal migrasyon an (ONM) fè konnen gen diskisyon ki tanmen ant plizyè antite nan leta a pou pèmèt mou sa yo kite espas la san Pèdi tan.
Kantite moun ki trape maladi kolera kontinye ogmante nan komin kafou kote lopital Raoul Pierre -Louis deja resevwa plis pase 200 malad nan yon espas ki déjà tró piti, dapre direktè lopital la.
Doktè Datus Francito di yap travay nan tet kole ak medsen san fwontyè epi tou meri kafou pou kapab pote repons fas ak evolisyon epidemi an yo kwè ki inkyetan si pagen bonjan dispozisyon ki pran pou limite dega yo.
Productions : Jean-Claude DOLCÉ.
Coordination : Peterson LUXAMA.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.
![[ID: h0OpXAZ7bz4] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-h0opxaz7bz4-youtube-automatic-60x60.jpg)
![[ID: vgOulFfSjE4] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-vgoulffsje4-youtube-automatic-60x60.jpg)
![[ID: HmMPmCU4X_0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-hmmpmcu4x0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: VS7qDvfr58I] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-vs7qdvfr58i-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: QLEuuDPJO0E] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-qleuudpjo0e-youtube-automatic-236x133.jpg)
![Privé : [ID: BE8kChk4jvo] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/prive-id-be8kchk4jvo-youtube-aut-236x133.jpg)
![[ID: _AXH-a-mXWc] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-axh-a-mxwc-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: goDBEc5hXO0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-godbec5hxo0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: rr_mtGGZAsU] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-rrmtggzasu-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: nXjLO0Ud6Dg] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-nxjlo0ud6dg-youtube-automatic-236x133.jpg)