Pòt lopital jeneral , pi gwo Sant ospitalye peyi a toujou rete fèmen depi anviwon 3 mwa akòz pw
Directors
Stars
Pòt lopital jeneral , pi gwo Sant ospitalye peyi a toujou rete fèmen depi anviwon 3 mwa akòz pwoblèm ensekirite a. Klinik doulè ki t’ap fonksyone nan lopital sa a transfere nan lopital lapè , se sa medsen yo fè konnen.
Klinik doulè, se yon antite nan lopital sa a ki la , pou asiste pasyan ki soufri ak yon maladi kwonik tankou kansè ak atwoz.
Okazyon pou medsen yo te retounen sou wòl klinik doulè a ak fason yo asiste moun ki ap soufri ak yon maladi kansè ki rive nan dènye faz li.