๐๐ง ๐๐ข๐ซ๐๐๐ญ || ๐๐ซ๐๐ฆ๐ฒ๐ ๐๐ค๐๐ณ๐ฒ๐จ๐ง || ๐๐ ๐e ๐๐๐๐
Directors
Stars
AYITI-jounal Kreyol premye okazyon madi 14 me 2024
1.- Kolektif 30 janvye ki regwoupe pati politik sa yo GREH,OPL,LAPEH,PHTK,UNIR AYITI ak MOPOD di yo prewokipe akoz denye denye rezolisyon manm konsey prezidansyel la ki prevwa pou tout gwo desizyon yo pran ak yon majorite 5 sou 7 epi enstale yon prezidans tounan nan tet CT a.
Nan yon let yo voye bay manm konsey la ,kolektif la mande yo pou respekte ako 3 avril la, dokiman kad ki kreye konsey prezidansyel la ak dekre 30 avril 2024 la.
Dapre kolektif la,se Edgard Leblanc FILS ki dwe rete prezidan konsey la jiska 7 fevriye 2026 apre majorite konseye yo te deziye li. Kolektif la ki rete atache ak konsansus 11 mas 2024 la ,mande manb CT a pou respekte dokiman kite kondwi ak mizanplas konsey prezidansyel la .
2.- Plizyรจ pati politik ak รฒganizasyon sosyo-politik, tankou, Inisyativ konbatan pou avansman ak pwogrรจ d’Ayiti ak Alyans inivรจsite d’Ayiti denonse trennen pye konsรจy prezidansyรจl tranzisyon an ki pa pran okenn mezi pou kรฒmanse konbat ensekirite a.
Pou inisyativ konbatan pou avansman ak pwogre dayiti konsey prezidansyel la ap jwe wol epi ranpli misyon pwisans enperyalis yo. Alyans inivesite dayiti bรฒ kote pa li deja lanse yon avรจtisman bay manm konsรจy prezidansyel tranzisyon an .
3.- Jiska aye lendi 13 me 2024 la ,lakou dekont ,pigwo tribunal administratif peyi a disfonksyonel,dapre konstitisyon 87 amande a .
Arete ki pwolonje manda jij lakou atoujou poko pibliye nan jounal ofisyel peyi a le Moniteur akoz pwoblem Teknik nan nivo prezidans konsey prezidansyel la.
Tout mezi konsey minis yo te pran 8 me pase a toujou poko kapab aplike .Menm rezolisyon konsenan laprezidans tounant la poko pibliye nan jounal ofisyel peyi a .
4.- Apre yo te fin reprann kontwol komisarya ,Lapolis nasyonal dayiti anonse li ranfose prezans li nan komin gresye โ
Pou kounya gen ajan sape ponpye ki sou plas akonpaye polisye diferan inite espesyalize ,yo fason pou netwaye lokal komisarya gresye a bandi ak zam te tante boule pandan atak yo vandredi pase a .
Lapolis atrave inite espesyalize yo ap kontinye trake bandi yo , yon fason pou demantle yo epi pemet tout aktivite reprann nan komin nan ,dapre kodinasyon pres ak relasyon piblik PNH la.
5.- Antouka malgre debakman la polis ki reprann kontwol komisarya gresye a kite abandonฤ apre pote boure gang yo, anyen pa klรฉ nan komin sa a ki rete paralize.
Okontrรฉ bandi kontinye ap mete dife nan kay moun san konte kadav ki toupatou nan sant vil gresyรฉ ,dapre abitan zon sa a ki kontinye ap kouri kite lakay yo.Nap gen poun swiv yon repotaj ak Jean Georges Blaise.
6.- Kolektif Dรฉfenseurs Plus envite otorite ayisyรจn yo pou yo enfรฒme Popilasyon an sou deplwaman Misyon multinasyonal la kap gen pou antre nan peyi a pou vin ede fos nasyonal yo .
Dirijan oganizasyon dwa moun nan, Antonal Mortime di li konstate preparatif pou deplwaman Misyon an deja komanse alรฒske otorite ayisyen yo pa kominike okenn enfรฒmasyon piblik sou pwosesis la .
Deja gen anviwon yon dizen avyon lame ameriken ki ateri nan ayopรฒ Entรจnasyonal Toussaint Louverture nan Pรฒtoprens soti fen avril rive kรฒmansman me 2024 la , pou pote materyรจl nesesรจ pou enstalasyon misyon an.
7.-Det endepandans peyi a โ komite egzekitif inivesite leta dayiti anonse kreyasyon yon gwoup refleksyon ak travay sou restitisyon ak reparasyon ayiti .
Atrave mizanplas gwoup travay sa UEH la antann ede nan fe avanse dosye sa, yon fason pou peyi a kapab jwenn reparasyon det endepandans la ak ranson yo te fose leta vese pandan 19em ak 20 tyem syek yo .
Sou kote move gouvenans ak mank efo gouvenman ki pase yo, det endepandans la patisipe nan rann nasyon nou an pi pov ,dapre rektora inivesite leta kap tann nan men gwoup travay la yon dosye detaye sou dosye sa . Nap gen poun swiv yon papye ak Richarson BIGOT .
8.-Administrasyon jeneral dwan yo ( AGD) kondane menas endividi yo pa rive idantifye ap fe kont anplwaye dwan kap ayisyen an ak manm yon komisyon ki chaje pou ranfose kapasite kontwol dwan sila .
Endividi sa yo femen biwo dwan kap ayisyen an pou eksprime dezako y oak desizyon direksyon jeneral la pou voye komisyon sa nan vil la. Mezi sa vini dapre AGD apre gwo sezi zam ak minisyon kite fet nan dwan kap ayisyen an 4 avril pase a .
๐๐ง ๐๐ข๐ซ๐๐๐ญ || ๐๐ซ๐๐ฆ๐ฒ๐ ๐๐ค๐๐ณ๐ฒ๐จ๐ง || ๐๐ ๐e ๐๐๐๐
Prรฉsentation : Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur Mรฉtรฉo : Chrisnette SAINT-GEORGES Tansyon Lari : Mackenson RรMY 4×4 Productions : Jean-Claude DOLCร Coordination : Peterson LUXAMA Rรฉdaction : Dieuseul GUERRIER
Rรฉalisation & mise en ligne : Ange Junior & Elyse Hansley