Jounal Kreyòl Premye Okazyon vendredi 21 Jen 2024
Directors
Stars
Jounal Kreyòl Premye Okazyon vendredi 21 Jen 2024
Premye minis Garry Conille nan tèt kole ak minis ekonomi ak finans lan ak rèsponsab plizyè lòt enstitisyon tankou lakou dèkont, ULCC, UCREF ak Biwo Afè finansye ak Ekonomik (BAFE), pou nou site sa yo sèlman, anonse yon seri mezi ki pral adòpte pou konbat kòripsyon andedan administrasyon piblik la.
Nan kad yon seyans travay ak enstitisyon sa yo jounen jedi 20 jen an nan Vila Dakèy la, chèf Primati a deklare mezi sa yo gen ladan l’ kontwòl strik nan distribisyon kat debi ak pi bon jesyon pèman nan administrasyon piblik la.
Mèzi sa yo gen pou wè tou ak revni Leta, kote jesyon resous yo pral fèt yon mannyè rasyonèl nan lide pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an,dapre Garry Conille.
2.- Konsenan zafe sekirite a , ak sipò fòs miltinasyonal la k’ap vini an, Premye minis Garry Conille eksprime bòn fwa otorite peyi Kenya yo, li di, ki pare pou vin sipòte Ayiti. Sepandan, nouvo chèf CSPN nan kwè sekirite se responsablite Leta ayisyen dabò, kote li deklare gen mwayen, kapasite ak konesans ki nesesè pou tanmen pwòp demach yo.
Nan sans, chèf gouvènman raple diskisyon li deja antreprann ak tout moun kesyon sekirite a konsène.
3.-Gouvenman Conille an prevwa oganize wikenn sa yon retret gouvenmantal .Nan yon sikile ki pote dat 17 jen 2024 premye minis Garry Conille mande ak minis yo pou prepare yo pou patisipe nan aktivite sa .
Chef gouvenman yon lot kote entedi ak minis yo pou fe nominasyon nan moman sa ,pandan li raple se sel premye minis la ki gen dwa nome ak revoke moun nan admnistrasyon piblik la .
4.-Gouvenman atrave ministe edikasyon nasyonal pran desizyon pou repote entegrasyon 4 nouvel matye nan egzamen 9em ane fondamantal yo pou ane eskole 2024-2025 la.
Gouvenman estime te gen reta nan distribisyon modil ak gid pilotaj la ,twoub ki genyen nan peyi a gen gwo konstans sou pwosesis anseyman -aprantisaj atrave peyi a pandan ane 2023-2024 la.
4 nouvel matye sa yo ki repote a se edikasyon a la sitoyennete ,edikasyon estetik ak atistik ,edikasyon fizik ak spotiv ,edikasyon nan zafe teknoloji ak aktivite pwodiktiv .
5.- Konsey prezidansyel la nome Marie Elizabath Regine Joseph Haddad kom nou sekrete jeneral pale ai nasyonal ,li ranplase nan pos sa met Joseu Pierre louis kite deja remet demisyon li .
Jiska nominasyon li ,madam Haddad te okipe pos administratris pale nasyonal .
6.- Kontreman ak jan sa te anonse se maten an seremoni enstalasyon nouvo DG PNH la Normil Rameau .
Enstalasyon an pat rive dewoule aye jedi a akoz chef gouvenman pat disponib,dapre sa nou aprann .
7.-Group k’ap apwiye rapatriye ak refijye yo (GARR) denonse nan okazyon jounen mondyal refijye yo, sitiyasyon deplase yo k’ap viv nan move kondisyon nan kan ebèjman yo.
Responsab GARR yo ki atire atansyon otorite konsène yo sou mize,kalamite moun ki kouri anba men bandi yo ap pase chak jou , mande gouvènman Garry Conille an pran tout dispozisyon pou pèmèt deplase yo retou lakay yo.
8.- Gen yon total 68mil 122 migran ayisyen ki rapatriye pou Mwa me 2024 la soti an repiblik dominikèn.
Group k’ap apwiye rapatriye ak refijye yo prezante rapò sa nan okasyon jounen mondyal refijye yo.
Pami 68mil 122 migran sa yo , otorite repiblik dominikèn yo rapatriye yon total : 27mil 679 ayisyen , 33mil 602 rapatriye volontéman ak 6mil 841 moun otorite dominikèn yo kenbe sou frontye,dapre gwoup kap apiye refijye ak rapatriye yo (GARR).
Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4×4
Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

![[ID: HmMPmCU4X_0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-hmmpmcu4x0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: VS7qDvfr58I] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/id-vs7qdvfr58i-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: QLEuuDPJO0E] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-qleuudpjo0e-youtube-automatic-236x133.jpg)
![Privé : [ID: BE8kChk4jvo] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/11/prive-id-be8kchk4jvo-youtube-aut-236x133.jpg)
![[ID: _AXH-a-mXWc] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-axh-a-mxwc-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: goDBEc5hXO0] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-godbec5hxo0-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: rr_mtGGZAsU] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-rrmtggzasu-youtube-automatic-236x133.jpg)
![[ID: nXjLO0Ud6Dg] Youtube Automatic](https://www.radiotelecaraibes.com/wp-content/uploads/2024/12/id-nxjlo0ud6dg-youtube-automatic-236x133.jpg)