GRAN TIT || JOUNAL KREYÒL PREMYE OKAZYON || 28 ME 2024
Directors
Stars
1.- Manm konsey prezidansyel tranzisyon an deside oganize yon odyans ak kandida pou pos premye minis ki kenbe yo .
Odyans sa prevwa ak chak candida separeman ant midi rive 5h jodi a via videokonferans . Apre odyans la,konseye prezidansyel yo ap gen pou oganize vot pou chwazi epi nome premye minis tranzisyon an
2.- Peyi a paka tann ankò fòk Konsèy Prezidansyèl la bay Ayiti yon premye minis, se deklarasyon Observatoire des Politologues Ayitiens et Alliés (OPA)
Nan yon nòt li mete deyò Obsèvatwa a fè konnen premye minis k’ap vinn pran bak peyi a ta dwe yon rasanblè, yon moun ki metrize kesyon nasyonal ak entènasyonal yo.
Sekirite, apezman ak eleksyon ta dwe pi gwo priyorite premye minis sa a ,daprè youn nan dirijan Obsèvatwa a ,Yves Roblain .
3.-Alyans inivèsite d’Ayiti rann konsèy prezidansyèl la responsab tout zak gang ame yo komèt depi lè l enstale, sa gen yon mwa.
Estrikti sa raple priyorite a se retabli sekirite,pandan li kritike lide pou konsèy la ta dekese yon milya goud pou fè asenisman. Alyans la mete an dout volonte ak kapasite konseye prezidansyèl yo pou ta mate gang ame yo.
4.-Bandi ak zam kap opere nan komin gresye mete dife nan yon machin blende PNH la.
Zak sa rive nan nivo wout nasyonal #2 a, kote blende ki boule a te tonbe an pann .
5.- Fas ak enkapasite responsab yo nan PNH la pou kontrekare zak bandi yo,OPC egzije chanjman nan nivo wo komandman enstitisyon lapolis la,swit ak asasina 2 misyone ameriken ak yon ayisyen 22 me pase a, nan zon lizon,komin kwadebouke .
Dirijan enstitisyon lapolis depase pa evenman yo,chanjman sa yo se sel kondisyon pou derasinen gang ak zam yo nan peyi a,dapre OPC .
Nan not sa ,OPC envite manm konsey prezidansyel tranzisyon an pou retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la atrave deplwaman fos miltinasyonal la epi mizanplans konsey nasyonal sekirite a .
6.- Akademi Kreyol ayisyen eksprime gwo doule li swit ak nouvel lanmo akademisyen Pierre Michel Chery,samdi 25 me pase a , li tap soufri depi kek tan , ak yon maladi .
Nouvel sa,lage akademi an nan anpil chagren ak dezolasyon . Pierre Michel Chery fet 18 mas 1956,nan senmichel du sud ,li se lengwis, romansye ,enfomatisyen ,jesyone ak akademisyen .