« Mouvement National pour L’avancement des Personnes Handicapées » egzije Entegrasyon Moun andikape
Directors
Stars
Nan kad nouvo kabinè minis ki monte a, Kowalisyon ki pote non « Mouvement National pour L’avancement des Personnes Handicapées » egzije Entegrasyon Moun andikape yo nan pouvwa Leta a.
Pasteur Jean David Desroses ki se kòdonatè
Estrikti politik MONAPH raple Manman Lwa peyi a bay sektè moun andikape menm dwa menm jan ak tout lòt sektè pou patisipe nan lavi politik peyi Dayiti.
Nan sans sa, Lidè MONAPH la, Jean David Desroses, ki kwè sektè a bezwen anpil ankadreman, revele se anviwon 340 asosiyasyon moun andikape anndan mouvman an ki chwazi li pou pòs sekretè Deta pou reprezante sektè sila.