Premye Okazyon 14 Juin 2024
Directors
Stars
1.- Kontreman ak Madelin Fils-Aime se pito Nesmy Manigat ki pral jwe wol chef kabine premye minis Garry Conille.
Chef gouvenman deja siyen nan sans sa ,yon arete ki nonmen ansyen minis edikasyon nasyonal la kom chef kabine li.
4 lot arete ta deja siyen tou,dapre sa nou aprann kise Camille Edouard junior nonmen sekrete jeneral primate,Joseph Andre Gracien jean nome minis chaje kesyon elektoral ak revizyon konstitisyon an ,Marie Andre Chantal nonmen minis delege bokote PM nan chaje refom nan administrasyon piblik la epi sitwayen Herwil Gaspard minis delege ,bokote PM nan ,chaje solidarite ak zafe imanite .
2.-Rekiperasyon ak Kreyasyon yon nouvo kan antrenman ak fomasyon milite , reyoganize akademi milite, se kek nan pwomes nouvo minis defans peyi a ki enstale mekredi pase a .
Kriminolog Jean Marc Bertier Antoine pwomet pou mete anplas yon estrikti asirans sante anfave solda FADH yo.
3.- Agwonom Vernet Joseph pran fonksyon ayè jedi a kòm nouvo minis agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral.
Se yon teknisyen ki konn ministè sa byen,daprè minis sòtan an Brédy Charlot qui soulinye defi yo anpil,paske sektè agrikilti a sibi konsekans ensekirite a.
Nouvo minis lan rasire gouvènman an deja defini priyorite yo nan domèn agrikilti,sa k ap pèmèt li bay bon rezilta.
4.-Nouvèl ekip ki sou pouvwa a dwe Kòmanse travay san pèdi tan pou rive leve anpil gwo defi kap tann yo tankou ensekirite, asenisman ak oganizasyon eleksyon nan peyi a , daprè dirijan yo nan pati politik Debou sitwayen.
Pòt pawòl estrikti sa a Eslhomme Raymond ki minimize rantre fòs miltinasyonal la nan peyi a kontinye Kwè se lapolis ak lame ki pou mete tèt yo ansanm pou rive konbat bandi ak zam yo .
5.-Daprè previzyon yo, ane sa, Ayiti dwe konnen yon sezon siklonik ki sevè, men Chèf gouvènman an Dr Garry Conille vle rasire l peyi a pare pou sa.
Nan sans sa, premye minis lan, nan tèt kole ak manm konsèy prezidansyèl la òganize yon reyinyon wo nivo ayè jedi a ak plizyè reprezantan patnè teknik, finansye entènasyonal ki abitye sipòte Ayiti lè gen katastwòf natirèl yo.
Objektif reyinyon an se te sitou evalye nan ki nivo peyi a pare pou sezon siklonik lan ,daprè premye minis lan ki fè konnen yo deja etidye plizyè estrateji plan ijans sizoka ta gen siklòn.
6.-303 polisye mouri nan egzesis fonksyon yo soti lane 2015 rive 2023 ,20 lot deja mouri soti mwa janvye rive jen 2024 ,dapre yon denye rapo RNDDH pibliye .
Bandi ak zam atake komisarya ,sou komisarya, prizon akk baz inite espesyalize yo ,pami yo 55 atak swa 81% ladan yo anrejistre pandan manda Frantz Elbe kom DG PNH la,dapre rapo anket sa ki reyalize sou fonksyonman enstitisyon lapolis la.
Présentation: Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Météo: Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari: Mackenson RÉMY 4×4
Productions:Jean-Claude DOLCÉ
Coordination: Peterson LUXAMA
Rédaction: Dieuseul GUERRIER
Réalisation & mise en ligne: Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène