๐๐ง ๐๐ข๐ซ๐๐๐ญ || ๐๐ซ๐๐ฆ๐ฒ๐ ๐๐ค๐๐ณ๐ฒ๐จ๐ง || ๐๐ ๐๐๐ข ๐๐๐๐
Directors
Stars
1.-Konsey prezidansyel chwazi ansyen premye minis Garry Conille pou dirije tranzisyon an .
6 sou 7 konseye vote an fave wo fonksyone nasyon zini an kek ed tan apre konsey la fin tande chak Kandida yo separeman aye madi a nan vila dakey.
DR Garry Conille te pami 5 pesonalite konsey prezidansyel la te kenbe sou plis pase yon Santen dosye yo te resevwa . 4 lot kandida yo se te ansyen minis Paul Antoine Bien-aime, Fritz Belizaire, Jean Rodolphe Joazile ak antreprene Alix Didier Fils Aime
2.-Nan pwose vebal ki dwe al jwenn pres nasyonal pou piblikasyon an, li raple desizyon pou chwazi Garry Conille kom chef gouvenman tranzisyon an vini apre etid dosye konsene a pa konsansis swivan atik 32 dekre 23 me ki detemine oganizasyon ak fonksyonman konsey prezidansyel la.
Tout 6 konseye kite prezan yo siyen pwose vebal sa ki pral jwenn pres nasyonal pou piblikasyon . Nap souliye abans reprezantan sekte prive a nan konsey la , Laurent St-Cyr kita kite peyi a aye madi a san li pat kite okenn pou vote pou li .
3.- Konsey prezidansyel Tranzisyon an konfime chwa sitwayen Garry Conille kom premye minis tranzisyon an .
Pou kounya ,konsey prezidansyel tranzisyon ann nan tet kole ak premye minis deziye a ap travay pouf e chwa diferan pesonalite kap gen pou konpoze kabine ministeryel la.
Konsey la renouvle deteminasyon li pou fe sa yo kapab ,yon fason derasinen fenomen ensekirite a epi mennen peyi a sou wout eleksyon lib,onet ak demokratik,dapre biwo kominikasyon prezidans la.
4.- Gouvenman repiblik la renouvle kouvrefe sou depatman lwes la soti madi 28 me pou rive lendi 3 jen apati 10 ze nan aswe pou rive 5h nan maten .
Gouvenman pran desizyon swiivan arete 20 me 2024 la ki enstore eta dijans sou tout depatman lwes la soti 9 me pou rive 8 jen 2024 la. Pandan peryod sa fos lod yo resevwa lod pou itilize tout mwayen legal yo dispoze ,yon fason pou fe respekte kouvrefe a .
5.-Bandi yo finalman libere kapiten bato magalie a, Jean Ricot Cesar ,dimanch pase a . Bandi baz izo 5 segond te detounen bato sa 4 avril 2024 la ki tap soti potoprens pou ale kap ayisyen,2zyem vil peyi a .
Gad kot ayisyen te mennen yon operasyon pou te rekipere bato a kite gen abo li yon kagezon diri ak plizye pasaje .
6.-SOS pou prizon sivil ti gwav la- 500 prizonye riske mouri grangou .
Depi aye madi a prizonye yo pa ni manje ni bwe dlo, dapre Komise gouvenman tigwav la Pierre Elioth Paul ak komise Sony Louidor, responsab prizon tigwav la ki mande Leta nan pi wo nivo , sitwayen bon volontรฉ ak oganizasyon dwa moun yo pou ede yo jwenn manje pou nouri prizonye yo .
Manje administration pรฉnitentiaire DAP) te voye depi Premye avril pase a deja fini depi 30 Avril pase a , dapre komise gouvenman ti gwav la .
7.- Menm pwoblem sa repete nan dives lot prizon tankou jeremi aken , kafou , kap ayisyen , jacmel ak prizonn sivil fanm yo nan delma 33.
Nan yon korespondans li te voye bay Direkte DAP la,Pierre Rene Francois ,kolektif avoka kap defann dwa moun yo (CADDHO) te mande pou gen desizyon ki pran rapid pou pemet manje rive jwenn prizonye yo ki riske mouri grangou .
Sitiyasyon an vin konplike konsa depi bandi yo pran kontwol wout nasyonal yo ,sa ki anpeche pwovizyon rive nan prizon dives jiridiksyon andedan peyi a ,dapre kodonate jeneral CADDHO a,met Arnel REMY .
8.- 28 out 2020, 28 out 2024 sa deja fรจ 51 mwa depi batonye lod avoka potoprens yo met Monferier Dorval te mouri asasinen lakay li nan pรจlerin 5,komin petyonvil .
Responsab estrikti nou se Dorval la, mรจt Yswick Theophin Kritike lantรจ ki genyen nan dosye sa kote anviwon 4 jij deja pase sou dosye sa men jiskaprezan nasyon an poko konnen kiyes kite touye ak bay lod pou asinen pwofese inivesite a .
Mรจt Theophin mande responsab konsรจy prezidansyรจl la pou panche sou dosye sa nan lide pou limyรจ fรจt sou krim sa ki pa dwe rete san pinisyon .
9.-Aviwon 20 mil timoun sou wout pou pรจdi ane eskolรจ a nan Gresye ak lot zon ki sou kote l yo , akรฒz nรจg ak zam ki anvayi komin sa a depi plizye mwa .
Pou evite sa plizyรจ รฒganizasyon nan sosyete sivil la ak kรจk patnรจ k’ap travay nan domรจn edikasyon mete Kanpe yon program ki pote non ” Edikasyon nan tan Kriz” (ECC).
Yon inisyativ ki vize fรจ kou ratrapaj pou timoun yo. Pwogram sila a konsรจne elรจv ki nan klas premye ane pou rive nan 9รจm ane fondamental.
Prรฉsentation: Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur
Mรฉtรฉo: Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari: Mackenson RรMY 4×4
Productions:Jean-Claude DOLCร
Coordination: Peterson LUXAMA
Rรฉdaction: Dieuseul GUERRIER
Rรฉalisation & mise en ligne: Saint-Ange Junior & Elysรฉ Hansley