𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟏𝟕 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒
Directors
Stars
1.- Demen samdi a se 18 me , li ap make 221em anivese kreyasyon drapo peyi a , an menm tan fet inivesite a –
Akoz klima ensekirite a ofisyel yo nan gouvenman pap prezan anko ane ,nan komin akaye .Toutfwa yon seremoni ofisyel prevwa dewoule nan villa D’acceuil pou diskou ofisyel yo: Edgard leblanc Fils,prezidan konsey tranzisyon an ap gen po upran lapawol, premye minis AI a, Michel Patrick Boisvert , rekte inivesite leta Fritz Deshommes ak majistra taba,Nice Simon kap gen pou lapawol nan non majistra zon mtewopoliten potoprens la.
2.- Nan site drapo a , akaye kote drapo nasyonal la te pran desans 18 me 1803 , otorite minisipal yo anonse gen dispozisyon kap pran pou selebre fet drapo a ,san prezans ofisyel yo nan gouvenman .
Lameri akaye deja komanse fe netwayaj, pentire plas piblik yo ,tribinal ak biwo eta sivil la , travay konstriksyon stann pou diskou ofisyel yo ap rapouswiv .
Sepandan Jiska prezan pouvwa santral la poko debloke okenn mwayen lajan pou lameri malgre otorite minispal yo te deja ekri ministe enterye epi soumet li yon bidje 30 milyon 500 goud pou oganize aktivite yo ,dapre majistra Jean Edner Gilles kap gen pou entevni an direk nan jounal la maten an .
3.-Manm konsey prezidansyel tranzisyon an chita pale ak chef BINUH an sou rezolisyon 2699 konsey sekirite nasyon zini yo ki otorize deplwaman fos miltinasyonal la an ayiti .
Se konsey prezidansyel la kite envite reprezantant espesyal sekrete jeneral nasyon zini nan peyi dayiti a ,Maria Izabel Salvador nan reyinyon travay sa,kek jou anvan debakman premye twoup fos peyi kenya fen mwa me 2024 la .
4.- Gang ak zam yo sanble panike kek jou anvan debakman premye kontenjan fos miltinasyonal la kap gen nan tet li peyi kenya .
Anpil nan chef bandi yo sou wout pou al kache nan vil ki bo lanme yo nan gran sid peyi a,dapre ekspe nan zafe sekirite, James Boyard nan yon mesaj li pibliye sou kont X li .
Strateji bandi ak zam yo kapab poze gwo defi sekirite pou abitan komin sa yo ki kapab tounen otaj neg ak zam yo.
Pou evite sitiyasyon sa pwopaje nan rejyon yo,li enpotan pou otorite yo mete anplas yon sistem alet ki enplike dives sekte pou yon pi bon kodinasyon ant fos sekirite yo ak kominote local yo,dapre pwofese inivesite James BOYARD.
5.-Konsey siperye pouvwa jidisye (CSPJ) denonse epi kondane ak tout fos li asasina jij depe komun leste a , Verto Vertilus 13 pase a . Pandan tout karye li ,Majistra Vertilus te toujou respekte reg dewontololik majistrati a,dapre sekrete jeneral CSPJ a,met Jean Robert Constant . Toutfwa ,CSPJ anonse gen mezi kap pran pou idantifye epii trennen devan lajistis prezime kriminel yo .
6.-Se jodi vandredi 17 me a pwosesis pou resevwa dosye kandidati pou pos premye minis tranzisyon an ap rive bout li.
Deja genyen plis pase 80 pesonalite ki depoze dosye yo tankou ansyen senate Annacacis Jean Hector, ansyen minis Gerald Germain, ansyen premye minis Garry Conille ,ansyen minis espo enjenye Fritz Belizaire , ansyen minis defans Jean Rodolph joasil , ansyen minis jistis Lucmane Delile,ansyen minis jistis Pierre Michel Brunache, Dr Charles Benjamin ak Dr Ernst Pierre VINCENT.
7.-Anviwon 22 jou depi enstalasyon konsey prezidansyel tranzisyon an ,pa gen okenn gwo desizyon ki adopte jiska prezan.
Konseye prezidansyel yo rete Selman 8 sou 30 jou yo te genyen kom dele pou founi pyes yo te egzije pou te kapab okipe fonksyon an,dapre atik 51 ako 3 avril 2024 la.
Antretan jiska prezan okenn nan desizyon konsey prezidansyel la adopte poko pibliye nan jounal ofisyel peyi a Le Moniteur .
8.- Apre anviwon 2 mwa depi vol avyon yo te fin sispann akoz atak gang ak zam yo kont ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a,konpayi ayeryen Sunrice anonse lap reprann vol li yo sou potoprens apati lendi 20 me kap vini la.
Apa vol local yo, Sunrice prevwa 3 vol chak semen : lendi,mekredi ak samdi ,potoprens -miami .
𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟏𝟕 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒
Présentation : Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur
Météo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4×4
Productions : Jean-Claude DOLCÉ
Coordination : Peterson LUXAMA
Rédaction : Dieuseul GUERRIER
Réalisation & mise en ligne : Ange Junior & Elyse Hansley