Edgard Leblanc raple misyon gouvènman se travay nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl la nan lide
Directors
Stars
Prezidan CP a, Edgard Leblanc Fils sou bò pal te pwofite pou bay direktiv ak nouvo gouvènman an. Nan diskoul, Edgard Leblanc raple misyon gouvènman se travay nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl la nan lide pou rive rezoud kriz tout kalte kap ravaje peyi a depi kèk tan.
Prezidan CP a kwè gouvènman dwe travay tou pou retablie sekirite, relanse aktivite ekonomik ak sosyal yo andan peyi a gang ak zam fin depatcha.
Edgard Leblanc Fils ensiste sou refom ak ranfosman fos sekirite nasyonal sekirite yo,preparasyon konferans nasyonal ,ranfosman enstitisyon leta yo nan batay kont koripsyon ak enpinite .