Garry Conille rekonèt tach la pap fasil, men li pwomèt l ap mete l « à la hauteur »
Directors
Stars
Premye minis Garry Conille ak manm gouvènman envesti ayè mèkredi 12 jen an.
Seremoni envestiti a dewoule nan villa d’Acueil la nan Musseau nan prezans manm CP yo, plizyè minis nan gouvènman Ariel Henry ak plizyè manm nan kò diplomatik la pami yo anbasadè Ameriken an nan peyi a Denis Hankins.
Nan diskou l pou sikonstans lan nouvo patwon primati a prezante gran liy gouvènman l lan, pandan l pwomèt pou l atake veritab pwoblèm popilasyon an ap fè fas.
Garry Conille rekonèt tach la pap fasil, men li pwomèt l ap mete l « à la hauteur ». Nou dwe reyisi pou n bay lespwa yon bon demen », deklarasyon nouvo chèf gouvènman ki di l pare pou l batay bò kote konsèy prezidansyèl pou fè sekirite retounen pou Ayisyen kapab viv nan lapè