Jounal ๐๐ซ๐๐ฆ๐ฒ๐ ๐๐ค๐๐ณ๐ฒ๐จ๐ง || ๐๐ ๐๐ฎ๐ข๐ง ๐๐๐๐
Directors
Stars
1.- Konsey prezidansyel tranzisyon an enstale nouvo premye minis peyi a Garry Conille ak 14 minis ki konpoze gouvenman tranzisyon an ,aye mekredi a ,nan villa dakey ak nan rezidans ofisyel la .
Seremoni envestiti ak enstalasyon an dewoule an prezans dives premye minis ai a,Michel Patrick Boisvert, otorite lajistis ak lapolis, dirijan politik ,reprezantan oganizasyon nan sosyete sivil ak manm ko diplomatik la an ayiti.
2.- Nan diskou l pou sikonstans lan nouvo patwon primati a prezante gran liy gouvรจnman l li an , pandan l pwomรจt pou l atake veritab pwoblรจm popilasyon an ap fรจ fas.
Nou dwe reyisi pou n bay lespwa yon bon demen ยป, deklarasyon nouvo chรจf gouvรจnman ki di l pare pou l batay bรฒ kote konsรจy prezidansyรจl pou fรจ sekirite retounen,yon fason pou Ayisyen kapab viv nan lapรจ.
3.- Prezidan CP a, Edgard Leblanc Fils sou bรฒ pal te pwofite pou bay direktiv ak nouvo gouvรจnman an.
Nan diskoul, Edgard Leblanc raple misyon gouvรจnman se travay nan tรจt kole ak konsรจy prezidansyรจl la nan lide pou rive rezoud kriz tout kalte kap ravaje peyi a depi kรจk tan.
Prezidan CP a kwรจ gouvรจnman dwe travay tou pou retabli sekirite, relanse aktivite ekonomik ak sosyal yo andan peyi a gang ak zam yo fin depatcha.
4.- Pou make 29รจm anivรจse la polis la ,SPNH-17 reyalize yon jounen ekspozisyon. Dirijan sendika sa a, te ekspoze imaj kadav polisye bandi touye sรฒti nan ajan 1 pou rive nan enspektรจ polis.
Okazyon pou SPNH-17 te rann omaj ak polisye Marie Christine Jeune ki te tonbe anba bal nan lane 1996. Sendikalis Garry Jean Baptiste prezante viktim nan tankou yon modรจl, tout polisye ta dwe imite nan kad egzรจsis fonksyon yo.
5.- Se nan sikonstans sa,PNH la pedi youn nan polisye model li, Enspekte divizyone Antoine Joachim, premye pwomosyon PNH ki mouri sou kabann lopital menm dat ak kreyasyon enstitisyon sa , aye mekredi 12 jen 2024 la.
Polisye depi 29 lane , Antoine Joachim te toujou prezan nan lari a , lapli kou soley pou fasilite sikilasyon machin yo, espesyalman nan zon kafou fleuriot ,komin taba , yon veritab pasyon pou papa 5 pitit sa .
SPNH-17, nan yon tweet koube yo byen ba devan kadav enspekte Antoine Joachim ,ki selon yo se te yon veritab ikon nan enstitisyon lapolis la .
6.- Anpil barikad ak anpil gwo kout zam te tire nan zon nazon aye mekredi a swit ak yon mouvman pwotestasyon pou denonse asasina 3 polisye UTAG yo, 9 jen pase a,nan zon delma 18 .
Asasina trajik polisye sa yo te oblije PNH la anile festivite yo te prevwa oganize ,nan okazyon 29em anivese kreyasyon enstitisyon an ,aye mekredi 12 jen 2024 la.
Direkte jeneral PNH la,Frantz Elbe akonpaye wo komandman te rankontre madi pase a ak. Manm fanmi polisye UTAG bandi asasinen yo ,kote li pwomet pou akonpaye yo .
7.- Nan yon mesaj pre anrejistre li rann piblik DG PNH la, Frantz Elbe deklare malgre move moman ,PNH la pap janm febli devan responsabilite yo genyen pou pwoteje popilasyon an .
9 jen pap 12 mas ,deklarasyon Frantz Elbe ki anonse lapolis ap bay yon repons enstitisyonel ak zak sa nan respte lalwa kote bandi asasinen nan yon anbiskad 3 polisye UTAG ,nan delma 18 .
8.- Ajan dwaye yo nan kap ayisyen sezi nan yon kontene ki soti etazini 10 chaje kalbi 9 milimet ak 157 katouch diferan kalib.
Administrasyon jeneral dwan yo AGD anonse operasyon kontwol yo ap rapouswiv .
Ankete BLTS yo arete Jean Guillaume Joseph kite gen misyon pou vin cheche koli sa yo nan teminal SA,komin katye moren ,depatman no peyi a .
9.- Ministe edikasyon nasyonal anonse dewoulman Dezyem sesyon egzamen bakaloreya yo pou 5 rive 8 out pou candida rekale pou ane akademik 2023-2024 la .
Enskripsyon kandida yo prevwa soti 12 rive 24 jen nan tout direksyon depatmantal edikasyon yo andedan peyi a ,dapre ministe edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonel .
Prรฉsentation: Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur
Mรฉtรฉo: Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari: Mackenson RรMY 4×4
Productions:Jean-Claude DOLCร
Coordination: Peterson LUXAMA
Rรฉdaction: Dieuseul GUERRIER
Rรฉalisation & mise en ligne: Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Thรฉagรจne